Skip to main content

Enskri pou Kredi STAR Debaz ak sa ki Amelyore yo

Remak: Èske w ap mande tèt ou poukisa ou te resevwa yon chèk ranbousman taks pou pwopriyete nan men Eta New York ane pase, men ou pa resevwa youn ane sa a?

Ou ka ap panse ak chèk kredi ranbousman taks pou pwopriyetè kay yo (Homeowner Tax Rebate Credit, HTRC), nou te bay nan ane 2022 a.

HTRC se te yon pwogram yon (1) ane pou 2022 a sèlman; ou p ap resevwa yon chèk HTRC pou ane 2023 a oswa pou lòt ane yo. Pwogram pou Rediksyon Taks sou Lekòl la (School Tax Relief, STAR) separe ak HTRC, epi yo bay avantaj STAR yo sou fòm:

  • yon egzanpsyon STAR, ki se yon rediksyon sou fakti taks eskolè ou a; oswa;
  • yon kredi STAR, yo peye w li pa chèk oswa nan yon depo dirèk.

W ap kontinye resevwa yon kredi STAR oswa yon egzanpsyon STAR, depi w toujou elijib. Èske ou vle jwenn plis enfòmasyon sou pwogram STAR la? Gade lis kesyon moun poze souvan nou genyen an.

Pwogram STAR la kapab fè pwopriyetè kay yo ekonomize plizyè santèn dola chak ane. W ap sèlman bezwen enskri yon fwa, epi Depatman Taks la pral fè yon peman kredi STAR pou ou chak ane, toutotan w kalifye. Ale gade STAR resource center (Sant Resous STAR la) pou jwenn plis enfòmasyon.

Ou ta dwe enskri pou kredi STAR la si ou:

  • se yon nouvo pwopriyetè kay;
  • ap resevwa egzanpsyon STAR la men w vle chanje pou w benefisye kredi STAR la;
  • se pwopriyetè yon kay prefabrike ki te resevwa yon lèt ki fè w konnen ou te dwe enskri nan kredi STAR pou kontinye benefisye avantaj STAR yo (fòm RP-425-RMM);
  • se yon pwopriyetè ki deja gen kay li ki p ap resevwa egzanpsyon oswa kredi STAR la; oswa
  • yon granmoun aje ki kapab kalifye pou kredi maelyore STAR la. (Nòt: Si ou deja ap resevwa kredi STAR la, ou pa bezwen enskri ankò. Ou pral resevwa kredi amleyore STAR la yon fason otomatik si ou kalifye pou li.)

Ou ta dwe mete enfòmasyon enskripsyon w yo ajou si:

  • ou te resevwa yon lèt ki di ou dwe mete enskripsyon w lan ajou (tankou Fòm RP-425-RDM lan), oswa
  • pwopriyete ou a gen yon chanjman pwopriyetè k ap fèt sou li poutèt maryaj, divòs, abandon enterè yon ko-pwopriyetè, yon sitiyasyon kote w se yon sivivan, yon fidisi, yon siksesyon a vi, oswa yon chanjman non.

Sonje: Apre ou fin seleksyon Kòmanse pi ba a, aplikasyon an pral envite w seleksyon si ou:

  • ap sòti nan egzanpsyon STAR la pou w chanje ale benefisye kredi STAR la,
  • fè mizajou nan enskripsyon ou an, oswa
  • ap enskri pou kredi STAR la pou premye fwa.

Kilè m ta dwe enskri?

Ou ta dwe enskri pou kredi STAR la yon fwa kay ou a vin tounen rezidans prensipal ou.

Si w ap chanje pou sòti nan egzanpsyon STAR la pou w ale nan kredi STAR la, ale gade Deadline to switch to the STAR credit from the STAR exemption (Dèle pou sòti nan egzanpsyon STAR la pou w ale nan kredi STAR la).

Kilè m ap resevwa kredi STAR mwen an?

Itilize STAR Credit Delivery Schedule (Pwogramasyon Distribisyon Kredi STAR la) pou jwenn nouvo enfòmasyon sou kilè n ap kòmanse distribiye peman kredi STAR yo nan zòn ou an.

Ou deja enskri pou kredi STAR la?

Ou pa bezwen enskri yon lòt fwa sof si te gen yon chanjman pwopriyetè kay ou a. (Wè lis moun ki ta dwe fè mizajou nan enskripsyon yo pi wo a). Nou pral revize enfòmasyon w yo chak ane epi n ap distribiye yon kredi STAR yon fason otomatik ba w si ou kalifye. Ou pral resevwa kredi w la nan yon chèk ki ap vin pa lapòs, osinon ou kapab enskri nan yon sèvis Depo Dirèk pou Kredi STAR.

Èske gen yon kalite enskripsyon apa pou kredi STAR amelyore a?

Non. Apre w fin enskri, ou pral resevwa kredi amleyore STAR la yon fason otomatik si ou kalifye pou li. (Wè STAR eligibility (kalifikasyon pou STAR))

Anvan w kòmanse

Anvan w kòmanse, w ap gen enfòmasyon sa yo pou referans. Si w pa gen enfòmasyon ki nesesè yo, ou p ap kapab anrejistre aplikasyon pou enskripsyon an nan lide pou fini l yon lòt lè.

Sonje: Y ap envite w pou w bay yon Kle Pwopriyete men li pa obligatwa pou w fè sa pou fini ak aplikasyon enskripsyon an.

  • non ak Nimewo Sekirite Sosyal pou tout pwopriyetè kay ansanm ak konjwen yo (yo kapab mande w pou w mete enfòmasyon sa a plis pase yon fwa pou montre relasyon ki gen ant pwopriyetè yo)
  • non distri eskolè kote rezidans prensipal ou a ye a 
  • yon anviwon dat pwopriyetè yo te achte pwopriyete a ansanm ak non moun ki te fè lavant yo (enfòmasyon sa a pa obligatwa, men li kapab ede nou trete enskripsyon w lan)
  • fakti taks ki pi resan an, si pwopriyetè aktyèl yo te resevwa youn (wè egzanp yo)
  • adrès tout pwopriyete rezidansyèl w genyen nan yon lòt eta 
  • non legal fidisi a, si sa aplikab 
  • Deklarasyon enpo eta oswa federal sou revni pou ane 2021 an pou tout pwopriyetè yo

Si yo pa t egzije w depoze yon deklarasyon enpo sou revni pou 2021, ou pral gen bezwen enfòmasyon anplis sa yo pou tout pwopriyetè byen ki la yo:

  • salè total, peman pou travay ak ti kado yo ba w
  • revni enterè ak dividann ki kapab takse
  • konpansasyon pou chomaj
  • tout pansyon ak retrèt yo
  • Avantaj Sekirite Sosyal
  • lòt revni.

Ou Pare?

KÒMANSE

Apre w fin enskri

  1. Enprime yon kopi paj konfimasyon an.
  2. Make nimewo konfimasyon ou an. Ou pral bezwen l pou verifikasyon si ou kontakte n apre sa a. Si w te bay adrès imèl ou, n ap voye yon imèl ba w ki gen nimewo konfimasyon w lan.

Si ou kalifye, n ap fè yon peman kredi STAR anvan fakti taks eskolè w la pare. Pou wè si w ap kòmanse resevwa kredi STAR la ane sa oswa an k ap vini an, ale gade Deadline to switch to the STAR credit from the STAR exemption (Dèle pou sòti nan egzanpsyon STAR la pou w ale nan kredi STAR la).

Kont Depo Garanti pou Ipotèk yo: Si w ap peye taks pou lekòl atravè yon kont depo garanti pou ipotèk, ou kapab vle kontakte ajans prè ipotèk la oswa ajan li an pou fè yo konnen ou chanje sòti nan egzanpsyon STAR la ale nan kredi STAR la.

Nan Ane k ap Vini yo

Ou pa bezwen enskri yon lòt fwa alavni sof si ta gen yon chanjman pwopriyetè pou kay ou a. Apre w fin enskri pou kredi STAR la, chak ane n ap revize aplikayson w lan yon fason otomatik pou detèmine si w kalifye pou kredi STAR Debaz oswa sa k Amelyore a. Si w kalifye, n ap ba w yon peman kredi nan montan ki apwopriye a.

Si ou te resevwa yon lèt nou voye ba w

Si nou bezwen enfòmasyon anplis pou trete enskripsyon w lan, oswa si rejis nou yo montre w pa kalifye pou kredi a, nou pral voye yon lèt ba w. Lèt la pral eksplike kijan pou bay enfòmasyon nou mande a epi ki fason pou reponn si w pa ta dakò.

Resous

Yon koup ki deyò yon kay avèk yon pano lavant

Pwofesyonèl imobilye yo: Pran livrè a pou nouvo pwopriyetè kay yo!

Ajan imobilye yo ak avoka yo, pandan kliyan ou yo ap achte nouvo kay, nou ankouraje w ba yo livrè yon paj sa a, ki ka enprime tou: Enskri nan pwogram kredi pou Rediksyon Taks sou Lekòl la (School Tax Relief, STAR).

Updated: