Skip to main content

Gade rezime kont biznis ou an nan Sèvis An Liy yo


Kont Sèvis An Liy Biznis ou an bay yon apèsi global sou deklarasyon taks sou revni ou te fè a ak peman ou te fè nan Depatman Taks. Chwazi yon kalite taks nan seksyon Deklarasyon ak peman ki nan paj dakèy Rezime Kont ou an pou wè istorik deklarasyon ak peman pou biznis ou an. Enfòmasyon yo disponib pou kalite taks ak peryòd deklarasyon sa yo:

  • Istorik taks pou antrepriz la disponib pou dis (10) peryòd deklarasyon ki pi resan yo depi 2008.
  • Istorik taks sou lavant lan disponib pou senk (5) peryòd deklarasyon ki pi resan yo.
  • Istorik taks pou gaz la disponib pou sis (6) peryòd deklarasyon ki pi resan yo.
  • Istorik taks yo kenbe a disponib pou nèf (9) peryòd deklarasyon ki pi resan yo.

Gade yon istorik deklarasyon ki detaye pou biznis ou an

Ou kapab gade detay deklarasyon taks ou yo, yo ranje selon peryòd deklarasyon, ki gen ladan yo fòm ou te depoze yo ak estati deklarasyon w lan kounye a. Ou kapab gade kopi deklarasyon ou fè sou entènèt yo tou.

Pou jwenn kopi deklarasyon papye oswa ansyen deklarasyon ou fè sou entènèt yo, gade Jwenn yon kopi deklarasyon mwen an.

Gade yon istorik peman ki detaye pou biznis ou an

Ou kapab gade detay peman w yo, yo ranje selon peryòd deklarasyon, ki gen ladan yo montan yo, estati yo (afiche, pwograme, anile, oswa refize peye), ak nimewo konfimasyon yo. Enfòmasyon yo disponib pou peman ou fè:

  • ak deklarasyon yo,
  • ak fòm pwolonjman yo,
  • ak fòm estimasyon taks yo,
  • kòm peman PrompTax,
  • kòm kredi yo kenbe,
  • kòm peman premye vèsman (ki gen ladan peman obligatwa ak peman anplis yo), epi
  • ki pa asosye ak yon deklarasyon oswa yon dokiman peman.

Remak: Rezime Kont lan pa pral afiche okenn peman ou fè sou swa yon antant pou peye pa vèsman (installment payment agreement, IPA) swa yon bòdwo Eta New York bay. Gade Antant pou peye pa vèsman ak Peye yon bòdwo oswa avi pou jwenn plis enfòmasyon sou kalite peman sa yo.

Updated: