Skip to main content

Sanksyon nan Taks sou Lavant ak Itilizasyon (Sales and use tax penalties)

Tax Bulletin ST-805-HAI (TB-ST-805-HAI)

Printer-Friendly Version (PDF)

Issue Date: March 26, 2010



Entwodiksyon 

Pou fè lavant taksab, biznis ou dwe gen yon Sètifika Otorizasyon (Certificate of Authority) valab ou resevwa nan Depatman Taks (Tax Department). Lè ou resevwa Sètifika Otorizasyon ou, ou gen anpil responsablite anba lwa sou taks sou lavant. Si ou pa swiv lwa sou taks sou lavant, ou ka gen pou tonbe anba sanksyon sivil oswa kriminèl. Bilten sa a se yon apèsi sou sanksyon yo. 

Sanksyon poutèt ou deklare taks yo anreta epi poutèt ou pa deklare taks.

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

pa deklare taks oswa si ou pa deklare taks alè san ou pa dwe taks. (Lwa sou Taks (Tax Law), sec. 1145(a)(1)(i))

$50 dola

deklare yon taks anreta apre 60 jou oswa mwens. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(1)(i))

10% taks ou dwe a pou premye mwa a plis 1% pou chak mwa apre oswa yon pati nan yon mwa ki pa depase 30% taks ou dwe a. Men, sanksyon sa a pa kapab pi piti pase $50 dola.

pa deklare yon taks oswa si ou pa deklare yon taks plis pase 60 jou anreta. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(1)(i))

pi gwo nan:

  • 10% taks ou dwe a pou premye mwa a plis 1% pou chak mwa apre oswa yon pati nan yon mwa ki pa depase 30% taks ou dwe a;
  • $100 dola, oswa 100% kantite lajan ki obligatwa pou endike kòm taks sou deklarasyon an, kèlkeswa sa ki pi piti a; oswa
  • $50 dola.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou:

 pa fè, rann, siyen, sètifye, oswa deklare nenpòt taks oswa rapò. (Lwa sou Taks, sec.1801(a)(1) ak sec.1802-1807)

 

Sanksyon poutèt ou pa touche taks

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • fè espre pou pa reklame taks leta ak taks lokal sou lavant apa sou nenpòt bòdwo, etadkont, oswa resi; (Lwa sou Taks, sec. 1817(d)), oswa
  • ou fè espre ou pa touche taks leta ak taks lokal sou lavant ki obligatwa pou touche (Lwa sou Taks, sec.1801(a)(6) ak sec.1802-1807)

 

Sanksyon poutèt ou pa peye taks oswa poutèt ou peye taks anplis

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

deklare yon taks alè men ou pa remèt taks ou dwe a. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(1)(i))

10% taks ou dwe a pou premye mwa a, plis

 1% pou chak lòt mwa oswa yon pati nan yon mwa ki pa depase 30%.

pa peye plis pase 25% taks ki obligatwa ki dwe endike sou deklarasyon an. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(1)(vi))

10% taks ou pa t rapòte. 

(Kantite lajan ou pa peye a ap redui nan limit kote gen yon otorizasyon enpòtan oswa divilgasyon konvnab pou nenpòt pati kantite lajan an.)

ou pa peye oswa peye plis taks nan nenpòt taks ou dwe yon fason ki gen fwod. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(2))

yon kantite lajan ki egal de fwa kantite lajan taks ou pa peye, plis 

enterè sou taks ou pa peye, ou peye nan pi gwo pousantaj 14 ½%, oswa nan pousantaj Manm Komisyon Taks mete anplas.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • ou fè espre ou pa peye yon kosyon oswa lòt sekirite, oswa taks sou depo, nan nenpòt enstitisyon labank jan sa obligatwa; (Lwa sou Taks, sec. 1817(e))
  • ou fè espre ou pa remèt taks leta ak taks lokal ou touche; (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(5) ak sec. 1802-1807), oswa
  • avèk entansyon pou fè evazyon fiskal, ou fè espre ou pa peye nenpòt taks. (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(7) ak sec. 1802-1807)

 

Sanksyon pou lòt kalite zak fwod nan taks (lòt zak fwod nan taks yo endike nan kategori espesyal apwopriye) Nòt: Sanksyon sa yo aplike pou komèsan, achtè, ak preparatè deklarasyon taks.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • pa fè, rann, siyen, sètifye, oswa deklare nenpòt taks oswa rapò; (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(1) ak sec. 1802-1807), oswa
  • angaje nan nenpòt zak pou twonpe leta oswa sou-divizyon politik li yo oswa yon enstitisyon gouvènman nan eta a avèk fo eskiz oswa eskiz ki gen fwod, fo enfòmasyon, oswa fo pwomès tankou pou nenpòt afè enpòtan anrapò avèk taks sou lavant ak itilizasyon. (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(4) ak sec. 1802-1807)

 

Sanksyon ki asosye avèk yon Sètifika Otorizasyon

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

pa montre yon Sètifika Otorizasyon.

(Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(4))

$50 dola.

fè nenpòt nan sa ki anba la a san yon Sètifika Otorizasyon obligatwa:

  • vann byen pèsonèl palpab ki taksab oswa sèvis ki taksab,
  • vann gaz otomobil,
  • resevwa frè pou amizman,
  • opere yon otèl,
  • achte oswa vann byen palpab oswa sèvis pou revann, oswa
  • vann sigarèt

(Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(3)(i))

jiska $500 dola pou premye jou lè ou te fè lavant oswa acha yo, plis 

apeprè $200 dola pou chak lòt jou, ki pa depase $10,000 dola.

pran posesyon machandiz biznis oswa posede machandiz biznis nan yon tranzaksyon lavant angwo san yon Sètifika Otorizasyon obligatwa. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(3)(iii))

jiska $200 dola.

se yon pwomotè amizman, epi ou otorize yon moun ki pa gen yon Sètifika Otorizasyon fè lavant taksab nan evènman ou. (Lwa sou Taks, sec. 1145(f))

jiska $10,000 dola pou chak evènman.

ou pa remèt Sètifika Otorizasyon ou lè ou avi anilasyon oswa sispansyon vin final. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(3)(ii))

jiska $500 dola pou premye jou a poutèt ou pa retounen sètifika a, plis 

apeprè $200 dola pou chak lòt jou ou pa retounen sètifika an, ki pa depase $10,000 dola.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • ou pa remèt Sètifika Otorizasyon ou lè ou avi anilasyon oswa sispansyon vin final (Lwa sou Taks, sec. 1817(a));
  • se yon pwomotè amizman, epi ou fè espre pou otorize yon moun ki pa gen yon Sètifika Otorizasyon fè lavant taksab nan evènman ou; (Lwa sou Taks, sec. 1817(i)), oswa
  • fè nenpòt nan sa ki anba la a san yon Sètifika Otorizasyon obligatwa:
    • vann byen pèsonèl palpab ki taksab oswa sèvis ki taksab,
    • resevwa frè pou amizman,
    • opere yon otèl,
    • achte oswa vann byen palpab oswa sèvis pou revann, oswa
    • vann gaz otomobil.

(Lwa sou Taks, sec. 1817(a))

 

Sanksyon pou vyolasyon dokiman ak konsèvasyon dosye

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

pa mete dosye ou yo disponib nan yon fòm nou ka verifye. (Lwa sou Taks, sec. 1145(j))

jiska $1,000 dola pou chak trimès oswa yon pati nan yon trimès ou fè vyolasyon an.

ou pa fè oswa konsève dosye oswa ou pa mete yo disponib pou Depatman Taks. (Lwa sou Taks, sec. 1145(i))

jiska $1,000 dola pou premye trimès oswa yon pati nan yon trimès ou fè vyolasyon an, plis  

jiska $5,000 dola pou chak lòt trimès oswa yon pati nan yon trimès ou fè vyolasyon an.

chwazi pou konsève dosye nan yon fòma elektwonik epi ou pa bay dosye yo nan yon fòma elektwonik sou demann. (Lwa sou Taks, sec. 1145(k))

jiska $5,000 dola pou chak trimès oswa yon pati nan yon trimès ou fè vyolasyon an.

bay yon fo sètifika revant oswa yon sètifika revant ki gen fwod oswa lòt sètifika ki gen egzanpsyon oswa dokiman avèk entansyon pou fè evazyon fiskal. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(5))

$50 dola pou chak dokiman ou mal itilize, plis 

ou pa t mal itilize 100% taks ou dwe a.

ou pa mete non oswa nimewo Sètifika Otorizasyon nenpòt komèsan itineran (pa egzanp, komèsan nan lari, komèsan espektak oswa komèsan sanblab ki pote yon kantite byen pèsonèl palpab ant yon kote ak yon lòt) oswa enfòmasyon ki gen pou wè ak lavant pou revant yo fè ba komèsan an, oswa ou pa mete enfòmasyon ki vrè ak kòrèk nan rapò ki obligatwa anrapò avèk lavant ou nan Eta New York ba komèsan itineran yo. (Lwa sou Taks, sec. 1145(h)(1))

jiska $50 dola pou chak komèsan ou pa mete sou rapò a (kit ou depoze rapò a kit ou pa depoze li); 

epi li p ap depase $5,000 dola pou nenpòt peryòd 12 mwa (ant 1ye jwen ak 31 me). (Lwa sou Taks, sec. 1145(h)(3))

si nou enpoze sanksyon seksyon 1145(h)(1) ak 1145(h)(2) Lwa sou Taks, kantite lajan total sanksyon yo p ap depase $5,000 dola pou nenpòt peryòd 12 mwa (ant 1ye jwen ak 31 me). (Lwa sou Taks, sec. 1145(h)(3))


ou pa depoze yon rapò alè anrapò avèk komèsan itineran. (Lwa sou Taks, sec. 1145(h)(2))

jiska $500 dola pou chak fwa ou pa fè sa.

soumèt yon fo dokiman oswa yon dokiman ki gen fwod ba Depatman Taks. (Lwa sou Taks, sec. 1145(j))

$100 dola pou chak fo dokiman oswa dokiman ki gen fwod, oswa 

$500 dola pou chak fo dokiman deklarasyon taks oswa deklarasyon taks ki gen fwod.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • ou fè espre pou kenbe dosye ki obligatwa yo; (Lwa sou Taks, sec. 1817(g))
  • ou fè espre pou depoze oswa soumèt yon deklarasyon taks, rapò, etadkont, oswa lòt dokiman ou konnen ki gen nenpòt enfòmasyon ki fo oswa ki gen fwod toutbon, oswa ou retire nenpòt enfòmasyon enpòtan; (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(2) ak sec. 1802-1807)
  • ou fè espre ou bay oswa soumèt enfòmasyon ki fo oswa ki gen fwod anrapò avèk nenpòt deklarasyon taks, verifikasyon, ankèt, oswa pwosedi, oswa ou fè espre ou pa bay enfòmasyon yo nan peryòd tan ki obligatwa a; (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(3) ak sec. 1802-1807), oswa
  • bay yon sètifika egzanpsyon, sètifika lavant ant distribitè, sètifika revant, oswa lòt dokiman ki kapab bay prèv ki endike taks yo pa aplike pou yon tranzaksyon ou pa kwè ki vrè ak kòrèk tankou nenpòt afè enpòtan, ki pa gen okenn enfòmasyon enpòtan, oswa ki fo, ki gen fwod, oswa ki refè. (Lwa sou Taks, sec. 1801(a)(8) ak sec. 1802-1807)

 

 Sanksyon pou moun endepandan

Sanksyon Sivil

Si ou se youn nan moun ki endike anba la yo:

  • yon konpayi asirans ki fè peman ba komèsan pou reparasyon veyikil-a-motè,
  • yon konsedan anrejistre ki gen omwen yon franchiz ki obligatwa pou li anrejistre kòm yon komèsan taks sou lavant, oswa
  • yon komèsan ki vann angwo ki fè sèten lavant bwason abaz alkòl san li pa touche taks sou lavant oswa itilizasyon.

epi ou pa:

sanksyon an se:

bay enfòmasyon ki obligatwa ak egzat ki gen deklarasyon sou enfòmasyon ou yo pou yon komèsan, operatè, oswa benefisyè. (Lwa sou Taks, sec. 1145(i)(1))

$500 dola pou dis oswa mwens fwa ou fè, epi jiska 

$50 dola pou chak lòt fwa.

depoze yon deklarasyon sou enfòmasyon. (Lwa sou Taks, sec. 1145(i)(2))

jiska $2,000 dola pou chak fwa ou fè sa, avèk yon sanksyon minimòm $500 dola.

 

Nan okenn ka sanksyon 1145(i)(1) oswa kantite lajan total sanksyon 1145(i)(1) ak 1145(i)(2) p ap depase $10,000 dola pou yon peryòd deklarasyon anyèl. (Lwa sou Taks, sec. 1145(i)(3))

 

Sanksyon pou preparatè taks yo

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

ede oswa bay èd nan preparasyon oswa prezantasyon deklarasyon taks sou lavant ak itilizasyon, rapò, etadkont, oswa lòt dokiman ki gen fwod. (Lwa sou Taks, sec. 1145(i)) 

(Gade Sanksyon pou lòt kalite zak fwod nan taks pou Krim ak Lòt Vyolasyon)

jiska $5,000 dola.

 

Sanksyon pou vyolasyon pwomotè espektak ak amizman fè

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • kòm yon pwomotè espektak, ou fè espre ou pa depoze yon avi obligatwa espektak la oswa ou opere yon espektak (oswa ou lwe, lwe pou anpil tan, oswa akòde yon lisans pou itilize espas pou yon espektak) san ou pa jwenn yon pèmi nan Depatman Taks; (Lwa sou Taks, sec. 1817(c)), oswa
  • kòm yon pwomotè amizman, ou fè espre ou otorize yon moun pou fè lavant byen pèsonèl palpab nan yon evènman amizman san ou pa egzije komèsan an anvan pou li jwenn yon Sètifika Otorizasyon oswa ou pa jwenn yon sètifika pou pwomotè amizman. (Lwa sou Taks, sec.1817(i))

 

Sanksyon pou vyolasyon konsènan gaz machin, gaz machin dizèl, ak sigarèt

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

se yon moun ki responsab epi ou pa peye taks sou lavant ki peye davans ba Depatman Taks sou gaz machin, gaz machin dizèl, oswa sigarèt. (Lwa sou Taks, sec. 1145(e))

yon kantite lajan ki egal a kantite lajan total taks ou pa peye a.

pa depoze yon deklarasyon oswa ou pa peye taks sou lavant ki obligatwa pou peye davans sou gaz machin oswa sou gaz machin dizèl nan tan ki obligatwa a. (Lwa sou Taks, sec. 1145(c))

yon kantite lajan ki egal a kantite lajan total taks ou pa peye a.

se yon pwopriyetè yon estasyon gaz epi ou fè espre ak tout konesans ou pou gen sou kontwòl ou, posede oswa kontwole gaz machin oswa gaz machin dizèl kote yon distribitè te sipoze oswa peye taks ki peye davans lan oswa li te gen obligasyon pou li te fè ou sipòte taks la men li pa t mete frè gaz la pou ou. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(1)(vii))

yon kantite lajan ki egal a de fwa taks sou lavant ki peye davans lan epi yo pa sipoze oswa yo pa paye oswa ki endike nan frè gaz la.

gen obligasyon pou touch taks sou lavant sigarèt andetay epi ou fè espre ak tout konesans ou, ou gen sigarèt sou kontwòl ou, ou posede sigarèt oswa sou kontwole sigarèt kote yon ajan lisansye te sipoze oswa peye taks sou lavant ki peye davans lan oswa taks sou lavant ki peye davans lan te obligatwa pou yo te fè ou sipòte taks la men li pa t mete li nan frè sigarèt yo pou ou. (Lwa sou Taks, sec. 1145(a)(1)(viii))

yon kantite lajan ki egal a de fwa taks sou lavant ki peye davans lan epi yo pa sipoze oswa yo pa paye oswa ki endike nan frè sigarèt yo.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou: 

  • se yon pwopriyetè yon estasyon gaz epi ou fè espre ak tout konesans ou pou gen sou kontwòl ou, posede oswa kontwole gaz machin oswa gaz machin dizèl kote yon distribitè te sipoze oswa peye taks ki peye davans lan oswa li te gen obligasyon pou li te fè ou sipòte taks la men li pa t mete frè gaz la pou ou; (Lwa sou Taks, sec. 1817(f))
  • gen obligasyon pou touch taks sou lavant sigarèt ou vann andetay epi ou fè espre ak tout konesans ou, ou gen sigarèt ou kontwòl ou, ou posede sigarèt oswa ou kontwole sigarèt kote yon ajan lisansye te sipoze oswa peye taks sou lavant ki peye davans lan oswa taks sou lavant ki peye davans lan te obligatwa pou yo te fè ou sipòte taks la men li pa t mete li nan frè sigarèt yo pou ou; (Lwa sou Taks, sec. 1817(k)), oswa
  • yon fason ki fo oswa ki gen fwod, ou fè, chanje, oswa refè nenpòt tenm sigarèt; yon fason ki fo oswa ki gen fwod, ou lakòz yo fè, chanje oswa refè tenm; ou fè espre oswa ak tout konesans ou, ou posede, ofri pou vann, achte, oswa pase tenm sa yo; oswa ou fè espre epi avèk tout konesans ou, ou posede sigarèt ki nan anbalaj ki pote tenm sa yo ki fo, ki chanje, oswa ki refè; epitou si ou fè espre epi avèk tout konesans ou, ou fè, ou lakòz yo fè, ou achte oswa ou resevwa oswa ou posede nenpòt aparèy pou fè fo tenm oswa pou refè tenm yo. (Lwa sou Taks, sec. 1817(I))

 

Sanksyon ki gen pou wè ak sèvis pou bay pakin, pakin nan garaj, oswa estokaj veyikil-a-motè nan Manhattan

Sanksyon Sivil

Si ou:

sanksyon an se:

gen obligasyon pou touche taks sou pakin nan Manhattan, epi ou pa konsève okenn dosye siplemantè ki obligatwa. (Lwa sou Taks, sec. 1145(g)(1))

jiska $500 dola kote ou pa t konsève dosye yo pou yon mwa oswa pou yon pati nan yon mwa.

gen obligasyon pou touche taks sou pakin nan Manhattan, epi ou pa bay konsantman ou pou yon demann Depatman Taks pou fè yon obsèvasyon nan vizit oswa ou deranje yon vizit nan obsèvasyon espas pakin nan. (Lwa sou Taks, sec. 1145(g)(2))

jiska $500 dola pou premye jou ou fè sa, epi 

jiska $1,000 dola pou chak lòt jou ou fè sa. 

Sanksyon yo pa kapab depase $10,000 dola antou.

Krim ak Lòt Vyolasyon

Ou ka gen pou peye amann ak yon santans prizon, si ou:

  • gen obligasyon pou touche taks sou pakin nan Manhattan, epi ou fè espere ou pa mete tout dokiman obligatwa yo ou dwe montre sou yon tikè oswa sou lòt memorandòm. (Lwa sou Taks, sec. 1817(j))

 Nou ka redui oswa elimine kèk sanksyon si gen rezon rezonab ki prezante. 

Si ou kapab montre se te pou yon kòz rezonab ki fè ou pa t konfòme ou avèk lwa sou taks sou lavant ak itilizasyon, epi se pa akòz neglijans toutespre, nou ka redui oswa elimine sanksyon sivil apwopriye ki endike nan bilten sa a. Gade Seksyon 2392.1 Anrejistreman yo (Tit 20 NYCRR). 

Pwosesis Rekouvreman 

Gade Piblikasyon 125, Pwosesis Rekouvreman (The Collection Process), pou jwenn yon apèsi sou pwosedi aplikasyon legal Depatman Taks ka itilize pou touche dèt taks ou si ou pa peye, oswa si ou pa fè aranjman pou peye, yon responsablite taks nou estime. 

Nòt: Yon Bilten Fiskal se yon dokiman ki bay anpil enfòmasyon epi ki la pou bay konsèy jeneral nan langaj senplifye sou yon sijè ki enterese kontribiyab yo. Li egzat apati dat nou pibliye li. Men, kontribiyab yo ta dwe konnen chanjman ki fèt annapre nan Lwa sou Taks oswa nan entèpretasyon li ka afekte presizyon yon Bilten Fiskal. Enfòmasyon nou bay nan dokiman sa a pa konsène chak sitiyasyon epi yo pa la pou ranplase lwa a oswa pou chanje siyifikasyon li.

Updated: