Skip to main content

Resi Taksab: Fason rabè, repriz, ak frè siplemantè afekte taks sou lavant (Taxable receipt: how discounts, trade-ins, and additional charges affect sales tax )

Tax Bulletin ST-860-HAI (TB-ST-860-HAI)

Printer-Friendly Version (PDF)

Issue Date: Updated November 3, 2014



Entwodiksyon

Si ou gen obligasyon pou touche taks Eta New York ak taks lokal sou lavant nan men kliyan yo, ou dwe konnen ki frè ou reklame nan men kliyan ou yo ki taksab ak fason rabè yo ak lòt ajisteman yo afekte kantite lajan taks sou lavant ou dwe touche. Kantite lajan taksab ou reklame nan men kliyan ou yo rele resi taksab. Bilten sa a ap eksplike: 

  • ki kalite frè ki endike nan resi taksab la,
  • fason rabè yo afekte resi taksab la, epi
  • fason pou kalkile resi taksab sou twòk yo ak repriz yo. 

Ou kalkile kantite lajan taks ou dwe sou lavant lè ou miltipliye resi taksab la pa pousantaj melanje taks leta ak taks lokal pou lokalite kote ou vann machandiz ak sèvis la ba kliyan ou yo. (Gade Bilten Fiskal Piblikasyon pousantaj taks sou lavant (Sales tax rate publications) (TB-ST-820) pou jwenn pousantaj yo.) 

Fason pou montre taks sou lavant sou resi a 

Ou kalkile taks sou lavant lan dapre pri acha total ou peye sou tout atik oswa sèvis taksab ki sou bòdwo a oswa sou resi a. Si ou vann atik oswa sèvis ki taksab sèlman, tout kantite lajan ki nan resi a se kantite lajan ki depannde taks sou lavant. Si ou vann yon melanj byen ak sèvis ki taksab ak sa ki pa taksab, ou dwe idantifye kilès nan atik yo ki taksab ak sa ki pa taksab yo. Ou dwe endike kantite lajan total taks sou lavant ou dwe a apa sou nenpòt resi oswa bòdwo ou bay pou kliyan ou. 

Atik melanje ki taksab epi ki pa taksab 

Lè ou vann atik melanje ki taksab epi ki pa taksab ansanm kòm yon anbalaj, kantite lajan resi taksab la kapab chanje. 

Ou ka touche taks sou lavant sou sèlman atik ki taksab yo si ou respekte touletwa règ anba la yo: 

  • ou ka achte aktik taksab ak atik ki pa taksab apa;
  • frè pou atik yo endike apa sou resi ou oswa sou bòdwo ou, epi
  • frè yo rezonab anrapò avèk frè total la. 

Men, si atik yo anbale ansanm pou yon pri epi ou pa kapab separe yo ak achte yo apa, ou dwe touche taks sou pri total la. 

Egzanp: Magazen ou vann yon anbalaj ki gen anpil kalite fwomaj, yon planch-a-koupe, ak kouto pou $15 dola. Ou pa vann atik sa yo apa. Ou dwe touche taks sou lavant sou pri lavant $15 dola, menmsi yon pòsyon nan anbalaj la (fwomaj la) pa ta depannde taks la si ou te vann li apa. 

Pou jwenn lòt enfòmasyon sou lavant ki taksab ak lavant ki pa taksab, gade Bilten Fiskal Gid referans rapid pou machandiz ak sèvis ki taksab ak egzante (Quick reference guide for taxable and exempt property and services) (TB-ST-740). 

Depans yo 

Depans operasyon nenpòt biznis ou fè kliyan ou yo sipòte nan bòdwo ou yo pou sèvis taksab endike nan resi taksab epi yo depannde taks sou lavant. 

Egzanp: Ou se yon reparatè aparèy menaje, epi ou ale lakay yon kliyan pou repare yon machin pou lave veso. Ou reklame $50 dola pa èdtan plis depans. Bòdwo ou prezante konsa: 

1 ½ èdtan a $50 dola pa èdtan
Deplasman
Pyès
Sou-total
Taks sou lavant 8%
Sòm total

$75.00
15.00
22.00
$112.00
8.96
$120.96

 Ou dwe fè kliyan an peye taks sou lavant sou tout frè a, ansanm ak frè deplasman, pyès, ak frè pou sèvis la pa èdtan. 

Depans ki endike nan resi taksab la gen ladan tou nenpòt frè enterè ou peye epi ou fè kliyan an sipòte. 

Eskont komèsyal oswa rabè sou volim 

Sèten rabè ou ofri nan moman lavant lan ap redui resi taksab la. Nenpòt rabè ki lakòz yon rediksyon nan pri lavant lan, tankou yon eskont komèsyal, rabè sou volim, oswa rabè sou sèvis lib angwo, ap soustrè anvan ou kalkile kantite lajan taks sou lavant ou dwe sou lavant lan. 

Ou bay rabè sa yo nan moman lavant lan, dapre kalite oswa kantite machandiz kliyan an achte, epi yo rabè yo reprezante yon rediksyon nan pri acha a. 

Egzanp: Ou vann atik pou biwo epi ou ofri yon rabè pou kliyan ou yo pou achte angwo. Si yon kliyan fè kòmann twa (4) kès papye kopi, pri pou chak kès se $35 dola. Men, si yon kliyan fè kòmann 10 kès, pri a ap redui a $32 dola pa kès. Paske ou detèmine pri a nan moman acha a, ou dwe taks sou lavant lan sou pri acha redui a ($320 dola) lè yon kliyan fè yon kòmann 10 kès alafwa. 

Rabè sou peman bonè 

Yon rabè sou peman bonè diferan avèk eskont komèsyal oswa rabè sou volim. Lè ou ofri yon rabè sou peman bonè, ou toujou vann byen yo pou pri ou detèmine a. Kliyan yo ap gen pèmisyon sèlman pou redui kantite lajan yo dwe ou si yo peye nan limit peryòd tan ki endike a; sinon, kantite total lajan an ap rete menm jan. Rabè sou peman bonè se yon rabè ochwa kliyan yo kapab pran si yo chwazi li epi li pa reprezante yon rabè nan vrè pri lavant pwodui a. Rabè sou peman bonè pa soustrè nan kantite lajan resi a ki depannde taks sou lavant lan. 

Egzanp: Avèk donè ki nan egzanp anwo a, ou vann menm 10 kès papye kopi a pou $35 dola pa kès. Men, sou resi a ou endike yon rabè 10% sou peman bonè disponib pou kliyan ki peye bòdwo yo okonplè nan 10 jou apre dat livrezon an. Bòdwo a montre pri acha a se $35 dola pa kès, epi taks sou lavant lan kalkile sou $350 dola pou 10 kès. 

Koupon ak koupon pou manje 

Règ espesyal ka aplike lè w ap kalkile taks sou lavant ou dwe lè kliyan yo itilize koupon ak koupon pou manje. Pa egzanp, anjeneral, koupon yo bay nan magazen yo redui resi ki depannde taks sou lavant, alòske koupon fabrikan yo pa fè sa. Gade Bilten Fiskal Koupon ak koupon pou manje (Coupons and food stamps) (TB‑ST-140) ak TSB-M-11(16)S, Tretman Taks sou Lavant ki Asosye avèk Lavant ak Racha Sèten Koupon Rabè ki Peye Davans (Sales Tax Treatment Relating to the Sale and Redemption of Certain Prepaid Discount Vouchers), pou jwenn plis enfòmasyon. 

Rabè fabrikan yo 

Rabè fabrikan yo (pa egzanp, yon rabè sou acha yon oto oswa yon aparèy menaje) pa kapab soti nan kantite lajan resi taksab la. Sa fèt konsa si fabrikan an afekte rabè a oswa yo peye li ba vandè a nan moman lavant lan, oswa si fabrikan an peye li pita dirèkteman ba achtè a. Menmsi depans avèk lajan pòch achtè a redui a kantite rabè a, pri ou peye ba vandè a pa redui. Sa vle di, fabrikan an sibvansyon acha kliyan an, epi tout pri lavant lan depannde taks sou lavant. 

Frè pou livrezon, transpò, ak manipilasyon 

Si sa ou achte a taksab, nenpòt frè pou kliyan ou pou transpò, manipilasyon oswa livrezon taksab tou. Men, si kliyan an fè aranjman pou livrezon an avèk yon konpayi endepandan, epi si li peye konpayi an dirèkteman, frè livrezon an pa taksab. Gade Bilten Fiskal Frè Transpò ak livrezon (Shipping and delivery charges) (TB-ST-838) pou jwenn plis enfòmasyon. 

Enterè, frè sèvis kont, ak frè pou reta 

Anjeneral, si ou reklame enterè, frè pou sèvis, oswa frè pou reta pou pwolonje kredi pou kliyan ou yo pou yo kapab peye ou sou yon peryòd tan, frè sa yo pa fè pati nan pri acha atik la oswa sèvis la, epi poutèt sa yo pa depannde taks sou lavant. 

Men, si ou lwe byen ki taksab epi ou reklame yon frè pou reta lè kliyan an pa pote li retounen alè, frè siplemantè a pa pou pwolongasyon kredi a. Frè pou reta fè pati nan frè pou lokasyon byen, epi li fè pati nan resi taksab ki depannde taks sou lavant. Pa egzanp, yon frè yon konpayi amelyorasyon kat reklame pou retounen yon pyès ekipman yo te lwen nan yon jou anreta se yon frè pou lokasyon yon jou siplemantè epi li depannde taks sou lavant. 

Depo 

Si ou reklame yon frè yon pou depo sou atik ou lwe yo, lwe pou anpil tan, oswa sou prè, frè a pa konsidere kòm frè ki fè pati nan resi taksab. Si ou kenbe nenpòt pòsyon depo a lè kliyan an retounen byen an ba ou, pòsyon depi a depannde taks sou lavant nan moman an kòm yon pati nan frè pou lokasyon atik la oswa pou lokasyon atik la pou anpil tan. 

Taks dirèk 

Yo enpoze anpil taks dirèk ajans gouvènman leta ak ajans gouvènman federal reklame sou fabrikan, enpòtatè, pwodiktè, distribitè, oswa distilatè byen, epitou taks sa yo endike nan pri kliyan an peye a. Men kèk egzanp nan kalite taks dirèk sa yo ak lòt taks ki endike nan resi taksab yo: 

  • taks dirèk leta sou bwason abaz alkòl;
  • taks dirèk leta sou sigarèt ak pwodui abaz tabak;
  • taks leta sou biznis petwòl sou gaz machin (gazolin), ak gaz machin dizèl, ak pwodui yo fè avèk petwòl;
  • Taks Vil New York sou sigarèt;
  • taks dirèk federal yo enpoze sou fabrikasyon sèten otomobil (konsomasyon anpil gaz) ak kawotchou;
  • taks dirèk federal sou gazolin, gaz dizèl, ak chabon;
  • taks dirèk federal sou byen espòtif (tankou kàn-a-pèch, moulinè, ak epi flèch), ak zam pou tire (ansanm ak obi ak katouch);
  • taks dirèk federal sou bwason alkòl fò ki distile, diven, ak byè; epi
  • taks dirèk federal sou siga, sigarèt, ak papye sigarèt. 

Gaz machin ak gaz machin dizèl 

Gaz machin (oswa gazolin) ak gaz machin dizèl depannde yon taks dirèk leta enpoze tou. Taks dirèk sa yo se pati pri kliyan an peye pou chak galon pou gaz li achte nan ponp lan, men yo pa fè pati resi taksab. 

Lavant atik rezève 

Nan yon lavant atik rezève, ou kenbe machandiz la pou yon ti tan pou kliyan yo epi ou pèmèt kliyan yo fè peman chak peryòd sou pri lavant lan jouk lè kliyan an peye machandiz la nèt. Kliyan a mete yon depo sou atik yo, epi ou make ak konsève atik yo nan magazen ou. Nenpòt frè siplemantè ou fè kliyan sou kliyan an pou mete machandiz la sou kote endike nan resi taksab la epi li depannde taks sou lavant. 

Repriz 

Antan yon vandè, lè ou aksepte yon bagay kòm yon repriz epi ou redui pri lavant ou poutèt sa, ou dwe taks sou lavant lan sèlman sou pri redui a apre ou soustrè kredi pou repriz la, toutotan ou planifye pou revann atik repriz la. Sa komen anpil avèk lavant ak acha veyikil-a-mote. 

Egzanp: Yon kliyan vini nan konsesyonè oto ou epi li deside achte yon machin nan men ou pou $22,500 dola. Ou dakò pou pran machin kliyan an genyen an kòm yon repriz epi bay kliyan an yon kredi $4,500 dola pou ansyen machin li. Ou ta kalkile kantite lajan taksab lavant lan jan sa endike anba la a: 

Pri original
Repriz
Pri lavant ki depannde taks

$22,500
- 4,500
$18,000

Yon fwa ankò, sa vrè sèlman toutotan ou planifye pou revann machin ou pran nan men kliyan an. Answit, ou dwe aplike valè repriz la kòm yon pati nan peman pou atik espesyal ou achte a. Nou p ap aksepte nenpòt pòsyon valè repriz ou pa aplike dirèkteman kont pri atik ou achte a kòm yon kredi kont pri yon lòt atik ou achte nan yon lòt dat oswa ou achte nan men yon lòt vandè. 

Egzanp:  Sipoze kèk done kòm nan egzanp ki anwo a, sof sèlman $2,500 dola valè repriz la aplike kont pri acha nouvo machin nan, avèk lòt $2,000 dola ou bay pou achtè a an kach.  $2,000 dola ou resevwa an kach la pa kapab aplike kòm yon valè repriz kont nenpòt acha ki fèt pita nan men ou oswa nan men yon lòt vandè. 

Echanj, twòk, ak boukantay 

Yon echanj, twòk oswa boukantay diferan avèk yon repriz paske anjeneral li se yon boukantay pou yon bagay ki la pou revann. Anpil fwa, echanj ak twòk yo fèt ant moun ki pa nan biznis pou vann atik (pa egzanp, yon moun dakò avèk yon lòt moun pou boukante yon kayak pou yon moto toutèren ki gen menm valè a). Men pafwa, echanj oswa twòk nan biznis (pa egzanp, yon plonbye repare yon aparèy chofaj dlo ki kase pou yon mekanisyen epi mekanisyen an fè travay reparasyon sou yon otomobil). Nan nenpòt nan sikonstans sa yo, ou dwe taks sou lavant lan nan tranzaksyon an. Taks la kalkile sou valè atik oswa sèvis ou bay nan echanj lan. Pa egzanp, plonbye a ka nòmalman reklame $350 dola pou djòb li te fè pou mekanisyen an, epi pyès ak mendèv pou reparasyon oto a ta espere koute nòmalman $350 dola. Plonbye a ak mekanisyen an dwe taks sou lavant sou valè yo te resevwa nan boukantay la. Si ou se yon biznis ki gen obligasyon pou peye taks sou lavant, ou ta rapòte valè travay la sou deklarasyon taks sou lavant ou kòm yon lavant ki taksab. 

Nan nenpòt echanj, twòk oswa boukantay, pri acha a oswa resi taksab la konsidere kòm valè ou te bay nan echanj lan. 

Pa egzanp, si ou boukante bato ou pou yon motonèj, pri acha motonèj ou se valè bato ou te boukante a. Si valè atik ou boukante yo diferan, taks ou dwe nan chak pati ap diferan tou. 

Egzanp: Mike gen yon motonèj ki vo $2,800 dola, epi Ernie gen yon bato ki vo $3,200 dola. Mike ak Ernie dakò pou boukante bato a ak motonèj la. Mike dwe taks sou lavant ki se $2,800 dola, valè motonèj li te bay Ernie. Ernie dwe taks sou lavant ki se $3,200 dola, valè bato li te bay Mike. Mike ak Ernie ap peye taks sou lavant yo dwe nan Depatman Veyikil-a-Motè (Department of Motor Vehicles) Eta New York lè y ap anrejistre veyikil yo.

 

Nòt:   Yon Bilten Fiskal se yon dokiman ki bay anpil enfòmasyon epi ki la pou bay konsèy jeneral nan langaj senplifye sou yon sijè ki enterese kontribiyab yo. Li egzat apati dat nou pibliye li. Men, kontribiyab yo ta dwe konnen chanjman ki fèt annapre nan Lwa sou Taks oswa nan entèpretasyon li ka afekte presizyon yon Bilten Fiskal. Enfòmasyon nou bay nan dokiman sa a pa konsène chak sitiyasyon epi yo pa la pou ranplase lwa a oswa pou chanje siyifikasyon li.

Updated: