Skip to main content

Akò pou Pèman Pa Vèsman (Installment Payment Agreement, IPA)

Si w pa kapab peye tout fakti pou taks ou an nèt, ou ka kalifye pou akò pèman pa vèsman (IPA) an. Nan kad akò sa a, ou pra l fè peman chak mwa sou balans taks ou poko peye a.

Fason ki pi fasil epi ki pi rapid pou fè demann yon IPA se atravè kont Online Services (Sèvis Sou Entènèt) ou an. Atravè kont ou an, ou kapab fè demann yon IPA pou balans ki $20,000 oswa mwens, epi w ap gen 36 oswa mwens peman ki planifye w ap gen pou fè chak mwa.

Tanpri remake, w ap kontinye kolekte penalite ak enterè sou nenpòt balans ou pa peye pou valè tan IPA ou an dire. Si w pa peye tout balans ou gen pou taks la oswa si w pa respekte tèm IPA a, nou ka pran mezi pou collection action (ranmase kòb la) kont ou menm.

Depatman Taks nan New York ak IRS se de (2) otorite nan kesyon taks ki apa. Moun k ap administre IRS pou kesyon taks sou revni nan nivo federal, ak ou menm dwe kontakte yo dirèkteman pou pwoblèm ki gen pou wè ak taks sou revni nan nivo federal. Pou w peye nenpòt balans ou dwe IRS, tanpri:

  • Vizite sit entènèt yo a nan www.irs.gov, oswa
  • Rele yo dirèteman sou 1-800-829-1040.
Updated: