Skip to main content

Mande yon akò peman pa vèsman (Installment payment agreement, (IPA))

Enpòtan: Ou pa kapab mande yon IPA san yon fakti.

Pou ou wè fakti ou yo (ak nenpòt avi nou voye ba ou) pi bonè pase si yo ta voye l ba ou pa lapòs, kreye yon kont Sèvis sou Entènèt epi enskri pou resevwa alèt imel konsènan kont ou an.

Si ou vle mande yon IPA pou yon kantite lajan ou dwe ki parèt sou yon deklarasyon, gade If you recently filed a return showing an amount due (Si ou fèk depoze yon deklarasyon ki montre yon kantite lajan ou dwe).

Li nan pi bon enterè w pou ou peye tout fakti taks yo nèt nan dat limit lan; sa a ap anpeche w akimile plis penalite ak ,  interest (enterè), ak posiblite pou genyen collection action (mezi koleksyon). Sepandan, si ou pa ka peye balans ou an an antye nan 60 jou, ou ka mande yon akò peman pa vèsman (IPA).

Avantaj yo gen ladan:

  • retrè otomatik ki sòti dirèkteman nan kont bank ou—konsa ou p ap janm bliye yon peman
  • chwa dat peman pwograme (5yèm oswa 15yèm nan chak mwa)
  • fleksibilite nan longè tan akò w la
  • kapasite pou fè plis peman pou ou diminye penalite ak enterè ou dwe

Remak: Si w ka peye balans ou an an antye nan 60 jou, ou pa bezwen mande yon IPA; request a one-time extension (mande yon pwolongasyon senp) pito.

Kijan pou ou mande yon IPA

Fason ki pi vit epi ki pi fasil pou ou mande yon IPA se atravè kont Sèvis sou Entènèt ou a. Ou ka fè demann ou an sou entènèt si IPA a:

  • se pou yon balans $20,000 oswa pi piti, epi
  • pa egzije plis pase 36 peman mansyèl ki pwograme.

Pou ou fè demann ou an sou entènèt:

  1. Mete nimewo kont bank ou ak nimewo woutaj ou disponib.
  2. Konekte sou kont Sèvis sou Entènèt ou a (Ou pral bezwen create an account (kreye yon kont) si w poko gen youn).
  3. Chwazi ≡ meni Sèvis la nan kwen anlè agoch nan paj akèy Rezime Kont ou an.
  4. Chwazi Peman, fakti ak avi, epi apresa akò peman pa vèsman ki nan meni ki ka dewoule a.

Mande yon IPA

Remak: Si w bezwen mande yon IPA pou yon balans ki pi plis pase $20,000, oswa ki mande plis pase 36 peman mansyèl pwograme, ou dwe fè demann ou an nan telefòn; rele nou nan nimewo 518-457-5434 pandan orè travay nòmal yo pou ou pale ak yon reprezantan.

Kijan nou evalye demann ou an

Nou baze desizyon pou pèmèt ou jwenn yon IPA a sou yon evalyasyon konplè:

  • istwa peman taks ou,
  • istwa depo deklarasyon w yo,
  • kondisyon finansye w pou kounye a, epi
  • fason ou respekte tout kondisyon depatman yo.

Nan sèten sikonstans, yo ka mande nou depoze yon tax warrant (manda fiskal) kòm yon kondisyon pou pèmèt nou bay yon IPA.

Si ou pa kalifye pou yon IPA, ou toujou gen opsyon pou ou peye pa kat kredi—pou yon frè—atravè kont Sèvis sou Entènèt ou a.

Apre yo fin apwouve w

Aprè yo fin apwouve w pou yon IPA, gen terms and conditions (kondisyon) ou dwe respekte. Si w pa respekte kondisyon sa yo, sa a ka lakòz yo pran mezi koleksyon

Ou dwe:

  • pwograme pou yo retire peman IPA chak mwa w la yo otomatikman sou kont bank ou 5yèm jou oswa 15yèm jou nan chak mwa,
  • depoze tout deklarasyon taks ou yo alè, epi
  • peye tout taks ou yo alè.
    • Si w pa peye nouvo fakti taks ou yo alè, ou pa respekte akò peman w lan. N ap ba w yon avi, men si w pa peye nouvo fakti w la, nou ka:
      • rekòmanse mezi koleksyon an sou fakti akò peman an, oswa
      • modifye oswa mete fen nan akò a.

Tanpri sonje, n ap kontinye peye ranbousman leta ak ranbousman federal ou yo oswa lòt lajan ou dwe jiskaske balans ou an fin peye nèt.


Si w fèk depoze yon deklarasyon ki montre yon kantite lajan ou dwe

Si w pa genyen okenn lòt fakti ki poko peye pou nou, nou pa ka tabli yon plan peman toutotan ou pa genyen yon nouvo fakti. Kontinye make payments (fè peman) jiskaske ou resevwa yon fakti.

Si w deja gen yon fakti ki poko peye pou nou, nou ka anmezi pou nou tabli yon IPA pou balans ou genyen kounye a epi n ap mete kantite lajan ou dwe a nan dènye deklarasyon sa a. Rele nou nan nimewo 518-457-5434 pandan orè travay nòmal yo pou ou pale ak yon reprezantan.

Mande yon ekstansyon yon sèl fwa

Si w ka peye balans ou an an antye nan 60 jou, ou pa bezwen mande yon IPA. Olye de sa a, mande yon pwolongasyon senp pou ou peye balans ou an.

  1. Mete idantifikasyon kontribyab ou a ak nimewo fakti oswa evalyasyon w lan disponib. (Ou ka jwenn nimewo evalyasyon w lan nan kwen anwo adwat avi nou te voye ba ou a, oswa sou paj akèy Rezime Kont lan sou kont Sèvis sou Entènèt ou a.)
  2. Rele nou nenpòt lè nan nimewo 518-457-5434 epi suiv enstriksyon otomatik yo.

Dat ak kantite peman yo depann de ou menm, men ou dwe peye balans ou an an antye nan tan yo pèmèt ou a pou ou evite  mezi koleksyon posib. Gade nan Pay a bill or notice (Peye yon fakti oswa avi) pou enfòmasyon sou fason pou fè peman.

Remak: Peman yo ka pran jiska 10 jou anvan yo parèt sou kont ou. Ou ka verifye balans kont ou an sou entènèt sou kont Sèvis sou Entènèt ou a oswa nan telefòn.

Updated: