Skip to main content

Pwoteste yon avi depatman an fòmèlman (Protest a department notice)

Si ou te resevwa yon avi ki soti nan Depatman Taks ki di ou gen dwa pwotestasyon fòmèl, ou kapab konteste avi a nan youn nan fason sa yo:

  • depoze yon demann pou yon konferans konsilyasyon, oswa
  • depoze yon petisyon pou yon odyans Kontestasyon Taks.

Pou kòmanse, kontribyab yo depoze plis pase 98% nan tout pwotestasyon fòmèl yo kòm yon demann pou konferans konsilyasyon.  Plis pase 90% nan pwotestasyon sa yo rezoud nan pwosesis sa a.

Ou pa gen dwa pwotestasyon fòmèl ni dwa kontestasyon si ou:

  • dwe taks, enterè, oswa sanksyon akoz yon erè matematik oswa administratif nan yon deklarasyon taks, yon chanjman IRS te fè nan deklarasyon taks federal ou a, oswa ou pa peye atan taks ou te dwe nan deklarasyon taks ou a, oswa
  • ou te resevwa yon Relve Chanjman/Ajisteman Odit; al gade nan avi ou an pou jwenn plis enfòmasyon.

Si ou pa gen dwa pwotetasyon oswa kontestasyon fòmèl, ou ka chwazi yon mannyè enfòmèl pou konteste yon bòdwo oswa ranbousman ajiste.

Mande yon konferans konsilyasyon nan yon biwo endepandan nan Depatman Taks la

Mande yon konferans konsilyasyon nan Biwo Konsilyasyon ak Sèvis Medyasyon (Bureau of Conciliation and Mediation Services, BCMS), ki se yon biwo endepandan nan depatman an ki dirèkteman sou responsablite Manm Komisyon an. Lè ou ap depoze demann ou an, ou ka mande yon entèprèt pou konferans ou a.

Yon konferans BCMS fèt plis atan epi li mwen chè pase odyans Divizyon Kontestasyon Taks yo dekri anba a.  Se yon fowòm san paspouki pou tande kontestasyon yo.  Yo kapab sèlman abòde avi depatman yo ki gen dwa kontestasyon fòmèl epi kote kontribyab la oswa reprezantan an te depoze yon Fòm CMS-1 atan, Demann pou Konferans Konsilyasyon. Konnen sa pou atann pandan tout pwosesis konferans konsilyasyon.

MANDE KONFERANS

Depoze yon petisyon pou yon odyans Kontestasyon Taks

Depoze yon petisyon alekri nan Divizyon Kontestasyon Taks.  Petisyon ou an dwe di ki aksyon depatman an ou ap pwoteste. 

Apre odyans lan, yon jij dwa administratif san paspouki (administrative law judge, ALJ) pral rann yon desizyon ki rezoud pwotestasyon an sof si ou menm oswa depatman an mande pou Tribinal Kontestasyon Taks la egzamine li plis.  Tribinal la pral egzamine dosye odyans lan ak nenpòt agiman aloral oswa agiman alekri.  Apresa li:

  • rann yon jijman ki afime, anile, oswa chanje desizyon ALJ a; oswa
  • retounen afè a bay ALJ a pou li tande li plis.

DEPOZE PETISYON

Updated: