Skip to main content

Depo Dirèk Kredi STAR

Ale sou nouvo Pòtay Avantaj Mèt Kay la sou kont Sèvis Endividyèl sou Entènèt ou a! 

Sou Pòtay Avantaj Mèt Kay la, ou kapab:

  • enskri pou STAR
  • Enskri nan STAR Credit Direct Deposit
  • Verifye estati enskripsyon pou taks sou pwopriyete w yo
  • chanje pou ou ale nan kredi STAR la
  • gade, modifye, oswa fèmen enskripsyon w yo
  • asire w enfòmasyon w yo kòrèk epi yo konplè
  • pran mezi pou ou rezoud pwoblèm yo

Pou ou kòmanse, gade enstriksyon ki pi ba yo.

Lè w enskri nan STAR Credit Direct Deposit (Depo Dirèk Kredi STAR), w ap:

  • resevwa kredi STAR ou a pi vit,
  • elimine tout pwoblèm ki genyen nan chanje chèk, epi
  • gen kè poze (pa gen chèk k ap pèdi oswa yo pa ka livre).

Si w enskri pi piti pase 15 jou anvan nou bay kredi STAR ou a, n ap voye yon chèk pa lapòs ba ou nan adrès postal nou gen nan dosye w la.

Pou ou konnen kilè nou pral bay kredi STAR nan zòn pa w la, gade STAR Credit Delivery Schedule (Orè Livrezon Kredi STAR) nou an.

Rapèl: Enskripsyon sa a pa enskri w pou kredi STAR la. Ou dwe enskri pou kredi STAR nan rezidans prensipal ou a anvan ou ka resevwa kredi pa depo dirèk la. Si w pa enskri aktyèlman, oswa si w ta renmen aprann plis sou pwogram STAR Credit la, gade nan Register for STAR.

Si w ap resevwa egzanpsyon STAR la aktyèlman, w ap kontinye resevwa yon rediksyon nan fakti taks sou pwopriyete lekòl ou a toutotan ou toujou kalifye. Pou ou jwenn plis enfòmasyon, gade nan kesyon yo poze souvan sou sijè sa a.

Enskri nan STAR Credit Direct Deposit

Si w te deja enskri pou kredi STAR la, ou ka enskri nan STAR Credit Direct Deposit avèk nimewo woutaj ki gen nèf chif bank ou an ak nimewo kont bank ou an (jiska 17 karaktè). Ou ka jwenn enfòmasyon bank ou an lè w gade yon chèk, nan aplikasyon bank ou an sou entènèt, oswa lè w kontakte bank ou an. Si w itilize yon aplikasyon bank sou entènèt, ou ta dwe jwenn enfòmasyon ou bezwen yo nan aplikasyon bank mobil ou a. Gade yon echantiyon chèk

Enpòtan: Pou verifikasyon, yo ka mande w pou ou revize enfòmasyon sou enskripsyon STAR w yo pandan w ap enskri nan STAR Credit Direct Deposit. Nou ka mande w pou ou verifye sèten enfòmasyon plis pase yon fwa pou asire yo kòrèk.

Pou ou enskri, swiv enstriksyon sa yo:

  1. Konekte sou kont Sèvis Endividyèl sou Entènèt ou a oswa kreye youn.
  2. Chwazi ≡ Services menu (meni Sèvis) nan kwen anwo agoch ekran w lan, epi chwazi Taks sou byen imobilye.
  3. Nan meni elaji a, chwazi Homeowner Benefit Portal (Pòtay Avantaj pou Pwopriyetè Kay).
  4. Chwazi Actions  (Aksyon) epi chwazi Enroll in (Enskri nan) oswa edit Direct Deposit (modifye Depo Dirèk) nan meni ki ka dewoule a.

Log in (Konekte)   Create account (Kreye kont)

Apre w fin enskri

Toutotan ou enskri epi ou kalifye, ou ka espere resevwa kredi STAR ou a pa depo dirèk anvan delè pou taks lekòl ou a chak ane. Si nou pa ka fè depo a sou kont bank ou bay la, oswa si w enskri nan STAR Credit Direct Deposit pi piti pase 15 jou anvan nou bay kredi STAR ou a, w ap resevwa yon chèk.

Updated: