Skip to main content

Fè yon peman

Mèsi paske w vle fè yon peman. Lajan taks ou yo sèvi pou sipòte sèvis ak pwogram ki nan avantaj abitan New York yo.

Glise desann anba pou wè opsyon peman yo, opsyon pou rezolisyon ak repons yo, epi plis ankò.

Si w vle resevwa fakti Depatman Taks yo sou entènèt alavni, pi bon fason pou fè sa se create an Online Services account (kreye yon kont pou Sèvis Sou Entènèt) epi request electronic communications (fè demann kominikasyon elektwonik) pou Avi sou fakti ak lòt bagay ki gen rapò.

twa (3) kat kredi oswa kat debi koulè ble tikwaz ki anpile

PemanOpsyon

men ki kenbe yon fakti

Peye yon fakti oswa yon avi

Si w resevwa yon fakti oswa yon avi epi ou bezwen peye l, ou gen opsyon: pou itilize kont Sèvis Sou Entènèt pou peye dirèkteman apati kont an bank ou an gratis, oswa pa kat kredi pou yon frè.

Ou pa gen yon kont pou Sèvis Sou Entènèt? Peye dirèkteman apati kont bank ou an gratis pandan w ap itilize Quick Pay (patikilye sèlman).

Biwo avèk yon ekran ki gen fraz “Fichye pou Pote Tounen Gratis ki gen Sa nou gen pou fè’’

Peye taks sou revni pèsonèl ou dwe avèk deklarasyon revni ou

Peye taks sou revni atravè Sèvis Sou Entènèt, kèlkeswa fason ou te ranpli deklarasyon revni ou an. Ou kapab peye, oswa planifye yon peman, nenpòt jou pou rive jiska dat limit lan.

Si ou aplike pou yon extension of time to file (ekstansyon tan pou ranpli a) epi ou dwe taks make your extension payment (fè yon ekstansyon peman) anvan dat limit la.

men ki kenbe yon tablèt avèk opsyon peman li seleksyone a ki di “mwen vle peye taks ki estime a”

Fè yon estimasyon pou peman taks sou revni

Ou kapab fè yon estimasyon pou peman taks sou revni avèk yon kont pou Sèvis Sou Entènèt Endividyèl oswa Fidisyè. Peye dirèkteman apati kont bank ou an, oswa peye sou kat kredi w pou yon frè.

Si ou vle fè yon estimasyon pou peman taks pou yon patenarya, gade nan Partnership information (Enfòmasyon sou patenarya).

Ekran òdinatè avèk meni sèvis sou entènèt ki afiche, epi opsyon ki seleksyone a se “Peye yon dosye odit ki ouvè”

Peye yon dosye pou odit ki ouvè

Anvan ou resevwa yon fakti, ou kapab fè yon peman pou balans sou yon dosye odit ki ouvè atravè kont pou Sèvis Sou Entènèt la.

Si w resevwa yon fakti (kotizasyon) pou yon dosye odit, pa itilize sèvis sou entènèt sa a. Nan plas li, gade Pay a bill or notice (Peye yon fakti oswa yon avi).

Rezolisyon ak reponsOpsyon

Fè demann yon Akò Peman Pa Vèsman (Installment Payment Agreement, IPA)

Si w pa kapab peye tout fakti pou taks ou, fè demann yon IPA. Si w kalifye, ou ka fè peman yo chak mwa pou balans ou pa peye a.

Fè demann yon IPA

Ou pa dakò avèk yon avi oswa yon fakti

Si w pa dakò avèk yon avi oswa yon fakti, ou kapab reponn sou entènèt avèk yon yon esplikasyon ak dokiman.

Reponn sou entènèt

Jwenn enfòmasyon sou fason pou rezoud kesyon dèt

Èske w gen yon fakti ki gen dat pou peye a ki pase? Jwenn enfòmasyon sou fason pou rezoud balans, mezi pou fòse w peye nou kapab pran pou balans ki gen dat peye yo ki peye, ak dwa ou genyen kòm moun k ap peye taks.

Rezoud dèt ou an

Updated: