Skip to main content

Peye yon fakti oswa yon avi


Ou pa kapab peye tout kòb la? Request an installment payment agreement (Fè demann yon akò pou peman pa vèsman).

Ou fatige ak kesyon fakti an papye oswa avi an papye?  Chwazi vèsyon san papye a epi resevwa yon kopi fakti ak avi ou yo nan vèsyon elektwonikl lè ou sign up for email alerts (enskri pou alèt imèl)


Peye pandan w ap itilize kont pou Sèvis Sou Entènèt

Peye dirèkteman apati kont labank ou an gratis, oswa peye avèk kat kredi oswa kat debi ou an pou yon frè.

Pou fè yon peman:

  1. Konekte (oswa kreye) sou kont pou Sèvis Sou Entènèt ou an.
  2. Chwazi meni ≡ « Services » (Sèvis) ki nan kwen agoch anwo a nan paj akèy « Account Summary » (Rezime Kont) ou an.
  3. Chwazi « Payments, bills ak notices » (Peman, fakti ak avi), apresa chwazi « Make a payment » (Fè yon Peman) nan meni elaji a.

Yon kont Sèvis Anliy pèmèt ou wè balans aktyèl ou nan ouvè fakti, reponn avi deptman an, verifye rezime kont ou an, epi nan gade mesaj ki soti nan depatman an tou.

Nou aksepte Visa, MasterCard, Discover ak American Express. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou frè pou itiliteepi pou li kloz non responsabilite pou sa ki gen pou wè ak kat peman an, gade sou Credit and debit card payment information (enfòmasyon pou pèman sou kat kredi ak kat debi).  


Peye pandan w ap itilize « Quick Pay » (Peman Rapid) (pou patikilye sèlman)

Peye fakti oswa avi yo dirèkteman apati kont bank ou an gratis!

Ou kapab itilize Peman Rapid la pou fè yon peman pou:

  • yon kotizasyon
  • yon dosye odit
  • yon dosye rekouvreman
  • egzekisyon yon revni
  • pou yon Akò Peman Pa Vèsman (IPA)

pou fè yon peman, ou dwe:

  • nimewo dosye ki nan fakti oswa avi ou an, ak
  • enfòmasyon sa yo ki soti nan deklarasyon revni pou revni ou te genyen pou youn nan kat (4) dènye ane yo:
    • Nimewo Sekirite Sosyal (ak pa mari epi/oswa madanm, si li aplikab),
    • estati moun k ap depoze li a,
    • kòd postal pou lapòs, ak
    • Prenon ak non 

Peye pandan w ap itilize Peman Rapid


Peye pou yon dosye odit ki ouvè

Si w te resevwa yon Deklarasyon pou Modifikasyon OIT oswa yon lèt Konsantman pou Ajisteman Odit sou Teren an epi ou gen yon balans ou dwe. Epitou, ou kapab peye sou entènèt avèk Peye yon sèvis pou Dosye Odit ki Ouvè sou entènèt.

  1. Koneekte (oswa kreye) Sèvis Sou Entènèt ou an.
  2. Chwazi meni ≡ « Services » (Sèvis) ki nan kwen agoch anwo a nan paj akèy « Account Summary » (Rezime Kont) ou an.
  3. Chwazi « Payments, bills ak notices » (Peman, fakti ak avi), apresa chwazi «Pay an open audit case» (Peye yon dosye odit ki ouvè) nan meni elaji a.

Si w pito pa kreye yon kont, ou ka peye sou entènèt avèk Peman Rapid (pou patikilye sèlman). Epitou, ou ka peye pa lapòs, avèk yon chèk oswa yon chèk postal, nan adrès ki ekri nan lèt ou an. 

Peye pa chèk oswa chèk postal

Fè chèk oswa chèk postal ou an sou non: Komisè pou Kesyon Taks ak Finans.

Ekri tout dis (10) nimewo kotizasyon an oswa nimewo dosye ki nan fakti oswa avi ou an, epi mete nimewo idantifyan moun ki peye taks la sou chèk oswa chèk postal ou an.

Men adrès pou voye l  pa lapòs:

NYS ASSESSMENT RECEIVABLES
PO BOX 4127
BINGHAMTON NY  13902-4127

Updated: