Skip to main content

Fè yon peman pou deklarasyon revni pèsonèl sou entènèt


Si nou te voye yon fakti pou ou, gade Pay a bill or notice (Peye yon fakti oswa yon avi) pito. Pa peye fatki a apati paj sa a.

Si w ta renmen fè yon peman pou deklarasyon revni sou revni ou an, ou kapab fè peman an dirèkteman sou sit entènèt nou an.

Fason pou peye yon fason elektwonik sou sit entènèt nou an (patikilye sèlman)

Ou kapab peye dirèkteman apati kont prefere ou a oswa pa kat kredi atravè kont pou Sèvis Sou Entènèt Endividyèl ou an.

Si w resevwa yon fakti konsènan deklarasyon revni pèsonèl ou an, tankou yon Deklarasyon Pwopozisyon pou Chanjman Odit (Fòm DTF-960-E) pou revni chomaj ou pa deklare epi w ap resevwa, itilize Pay a bill or notice (Peye yon fakti oswa yon avi) pito.


Fè yon peman avèk bank oswa founisè sèvis bank (gratis)

Otorize yon retrè dirèk sou kont ou pi pito a nan bank oswa founisè sèvis bank  lan epi:

  • planifye peman yo alavans,
  • anrejistre enfòmasyon sou kont ou an, epi
  • Resevwa konfimasyon nan menm moman an ki soti nan Depatman Taks nan New York.

Deklarasyon bank ou an ap endike resi nou bay pou peman ou an avèk yon liy pou atik NYS Tax Payment (Peman Taks NYS) pou montan ki otorize a.


Peye pa kat kredi (Frè itilite a se 2.20%)

Nou te fè mizajou nan fonksyonalite pou kat kredi ou an pou:

  • ofri ekran peman ki fasil pou itilize,
  • fè pwosesis la mache pi rapid, epi
  • fè eksperyans peman ou an vin pi senp.

Ou pare?

Annik konekte (oswa kreye) kont pou Sèvis Sou Entènèt Endividyèl ou an. Chwazi Payments, bills ak notices (Peman, fakti ak avi), apresa chwazi Make a payment (Fè yon peman) apati meni elaji a. (W ap bezwen kreye yon kont, si w poko gen youn.) Nou gen yon aranjman avèk Wells Fargo pou li ofri kat sèvis yo. Wells Fargo aksepte Visa, MasterCard, Discover ak American Express.


Ou pako pare pou w peye sou entènèt?

Itilize Form IT-201-V, Payment Voucher for Income Tax Returns (Fòm IT-201-V, Koupon Peman pou Deklarasyon Revni pou Revni), pa lapòs nan yon chèk oswa nan yon chèk postal.

Si nou te voye yon fakti pou ou, gade Pay a bill or notice (Peye yon fakti oswa yon avi) pito. Pa peye yon fakti apati paj sa a.

Updated: