Skip to main content

Enskri pou kredi STAR Debaz ak Amelyore yo

Ale sou nouvo Pòtay Avantaj Mèt Kay la sou kont Sèvis Endividyèl sou Entènèt ou a! 

Sou Pòtay Avantaj Mèt Kay la, ou kapab:

  • enskri pou STAR
  • Enskri nan STAR Credit Direct Deposit
  • Verifye estati enskripsyon pou taks sou pwopriyete w yo
  • chanje pou ou ale nan kredi STAR la
  • gade, modifye, oswa fèmen enskripsyon w yo
  • asire w enfòmasyon w yo kòrèk epi yo konplè
  • pran mezi pou ou rezoud pwoblèm yo

Pou ou kòmanse, gade enstriksyon ki pi ba yo.

Pwogram STAR la ka ede pwopriyetè kay yo ekonomize plizyè santèn dola chak ane. Si w se yon nouvo pwopriyetè kay oswa ou pa resevwa yon avantaj STAR sou kay ou genyen aktyèlman, enskri pi vit posib lè kay ou a vin rezidans prensipal ou. Ou sèlman bezwen enskri yon sèl fwa. Toutotan w kalifye, w ap resevwa otomatikman kredi STAR debaz oswa amelyore (Basic or Enhanced STAR credit) a, tou depan de pou sa w kalifye a.

Gade nan STAR resource center (Sant resous STAR) la pou ou aprann plis.


Anvan w kòmanse

Anvan w kòmanse, mete enfòmasyon ki annapre yo disponib:

  • non ak nimewo Sekirite Sosyal pou tout pwopriyetè pwopriyete a ak mari oswa madanm yo
  • non distri lekòl kote rezidans prensipal ou a ye a
  • ozanviwon ki dat ou te achte pwopriyete a
  • non vandè yo (yo pa obligatwa, men yo ka ede garanti ou resevwa kredi w la anvan dat yo prevwa pou ou peye taks lekòl la)
  • dènye fakti taks lekòl la, si pwopriyetè aktyèl yo te resevwa youn (gade egzanp yo)
  • adrès nenpòt pwopriyete rezidansyèl ou posede nan yon lòt eta
  • non legal fon an, si sa a aplikab 
  • Deklarasyon taks sou revni federal oswa eta pou ane 2022 a pou tout pwopriyetè yo

Si yo pa t mande w pou ou soumèt yon deklarasyon taks sou revni pou ane 2022 a, w ap bezwen plis enfòmasyon ki annapre yo pou tout pwopriyetè pwopriyete yo:

  • total salè ak ti kado lajan
  • revni enterè ak pwofi sou envestisman ou dwe taks sou yo
  • konpansasyon pou chomaj
  • total pansyon ak anwite
  • Avantaj Sekirite Sosyal
  • montan total ou retire nan kont retrèt endividyèl ak anwite retrèt endividyèl ou yo (individual retirement annuities, IRA) ki egzije pou ou peye taks
  • lòt revni

Èske w pare?

  1. Konekte sou kont Sèvis Endividyèl sou Entènèt ou a oswa kreye youn.
  2. Chwazi ≡ Services menu (meni Sèvis) nan kwen anwo agoch ekran w lan, epi chwazi Real property tax (Taks sou byen imobilye).
  3. Nan meni elaji a, chwazi Homeowner Benefit Portal (Pòtay Avantaj pou Pwopriyetè Kay).
  4. Chwazi Register (Enskri) epi swiv enstriksyon yo pou ou enskri pou kredi STAR la.

Remak: Si w pa gen aksè ak Entènèt, ou ka mande yon reprezantan ede w enskri lè w rele nimewo 518-457-2036 pandan jou lasemèn yo ant 8:30 a.m. jiska 4:30 p.m. Tanpri asire w ou genyen enfòmasyon ki endike pi wo yo disponib anvan w rele.


Apre ou fin enskri

Ekri nimewo konfimasyon w lan ki nan paj Transaction Confirmation (Konfimasyon Tranzaksyon) an oswa nan imel konfimasyon nou voye ba ou a. Epitou ou ka jwenn nimewo konfimasyon w lan ak lòt detay sou enskripsyon an nan paj Registration (Enskripsyon) an sou Pòtay Avantaj Pwopriyetè Kay la.

Si w kalifye, n ap bay peman kredi STAR ou a anvan dat pou ou peye fakti taks lekòl ou a rive. Itilize STAR Credit Delivery Schedule (Orè Livrezon Kredi STAR) la pou ou wè kilè nou pral kòmanse bay peman kredi STAR nan zòn pa w la.

Si w chanje soti nan egzansyon STAR la pou ou ale nan kredi epi ou peye taks lekòl ou yo atravè yon kont ipotèk bloke: Ou dwe kontakte kreditè ipotèk la oswa ajan li a pou ou di li ou te chanje soti nan egzansyon STAR la pou ou ale nan kredi STAR la.

Nan ane kap vini yo

Ou pa bezwen enskri ankò nan ane k ap vini yo sof si gen yon chanjman nan pwopriyetè kay ou a. N ap egzamine enfòmasyon w yo chak ane epi n ap ba w yon kredi STAR otomatikman si w kalifye. Epitou n ap itilize enskripsyon sa a pou detèmine kalifikasyon w pou pwochen pwogram avantaj taks sou pwopriyete Eta New York yo ki ka vin disponib pou pwopriyetè kay yo.

Sepandan, si pwopriyete w la gen yon chanjman pwopriyetè akòz maryaj, divòs, youn nan pwopriyetè yo abandone pati pa l la, eritaj, fidisi, lwaye avi, oswa chanjman non, ou ta dwe mete enskripsyon w lan ajou. Si w vann pwopriyete w la oswa si w pa vle resevwa avantaj la ankò, ou ta dwe fèmen enskripsyon an.

Si w resevwa yon lèt nan men nou

Si nou bezwen plis enfòmasyon pou nou trete enskripsyon w lan, oswa si dosye nou yo endike ou pa kalifye pou kredi a, n ap voye yon lèt ba ou. Lèt la ap eksplike kijan pou ou bay enfòmasyon yo mande yo ak kijan pou ou reponn si w pa dakò.


Resous

Yon koup ki deyò yon kay avèk yon pano lavant

Pwofesyonèl imobilye yo: Pran livrè a pou nouvo pwopriyetè kay yo!

Ajan imobilye yo ak avoka yo, pandan kliyan ou yo ap achte nouvo kay, nou ankouraje w ba yo livrè yon paj sa a, ki ka enprime tou: Enskri nan pwogram kredi pou Rediksyon Taks sou Lekòl la (School Tax Relief, STAR).

Updated: