Skip to main content

Enfòmasyon an Kreyòl Ayisyen (Information in Haitian Creole)


Tanpri rele nou nao 518-453-8137 pou jwenn sèvis èd gratis nan lang.


Woman in wood-shop viewing tablet

Nou Di Nouvo Vandè yo Byenveni

Lè ou se yon vandè ki fèk enskri, ou dwe konnen obligasyon ou pou taks sou lavant.

Family opening moving boxes

Kredi STAR

Si ou te fèk achte kay ou oswa ou pa janm te aplike pou avantaj STAR sou kay ou ye kounye a, ou ka kapab ekonomize plizyè santèn dola chak ane. 

Man at computer

Enskri kòm yon vandè taks sou lavant (Register for sales tax)

Chak moun ki vann pwopriyete pèsonèl vizib yo ka mete taks sou li oswa sèvis yo ka mete taks ou li (menm si w ap vann yo lakay ou) dwe enskri ak Depatman Taks (Department of Tax).

Enfòmasyon

Règleman Eta New York se pou bay aksè nan lang nan sèvis ak pwogram piblik yo. Si ou panse nou pa t ba ou sèvis entèpretasyon konvnab oswa si nou te ba ou refi pou yon dokiman tradui ki disponib, tanpri mande fòm plent nou an pou ban nou remak ou.

Nou tradui piblikasyon ki anba la yo an [Kreyòl Ayisyen]. Kèk nan yo gen lyen ki mennen nan dokiman ki disponib nan lang Angle sèlman. Kontakte nou si w bezwen èd ak dokiman ki disponib nan lang Angle sèlman.

Piblikasyon yo kòrèk nan dat yo parèt la. Nou mete yo ajou regilyèman, men chanjman ki fèt annapre nan lwa oswa nan règleman, nan desizyon lajistis, nan desizyon Tribinal pou Apèl kont taks (Tax Appeals Tribunal) oswa chanjman nan règleman depatman an gendwa gen efè sou validite enfòmasyon ki nan yon piblikasyon. Enfòmasyon nou bay nan dokiman sa a pa kouvri tout sitiyasyon, epi yo pa la pou ranplase lalwa ni pou chanje siyifikasyon lalwa.

Piblikasyon

Dwa pou Depoze yon Plent pou Aksè Lengwistik

Si w panse ke nou pat ofri w yon sèvis entèpretasyon ki kòrèk oswa nou te refize w aksè a yon dokiman tradui ki disponib, tanpri ranpli fòmilè plent nou an pou ba nou opinyon w.

Enfòmasyon ou bay nan fòmilè plent sa a pral ede nou amelyore sèvis aksè lengwistik Eta a. Nan fòmilè sa a, yo mande w pou bay enfòmasyon sou kijan yo ka kontakte w nan lide pou nou ka enfòme w sou kisa n ap fè pou n pote solisyon a plent ou an. Tout enfòmasyon pèsonèl ki enkli nan plent ou an ap rete konfidansyèl.

Fòmilè Plent pou Aksè Lengwistik

Si w prefere telechaje, enprime, ranpli epi voye fòmilè plent pou aksè lengwistik la tounen ba nou tanpri klike anba a.

Fòmilè Plent pou Aksè Lengwistik (PDF)

Pote plent pou yon pwoblèm ki gen pou wè ak Lwa Anfavè Ameriken ak Andikap la

Eta New York pran angajman pou asire yo trete tout moun ak andikap yo egalego. Pou reyalize sa, se règleman eta a pou bay akomodasyon rezonab nan tout akomodasyon, pwogram, ak sèvis li yo. Règleman sa a baze sou Lwa Anfavè Ameriken ak Andikap federal la, Tit II, ak tout règleman federal ki aplikab pou sa. Obligasyon pou bay akomodasyon rezonab sa a aplike pou:

  • aksèsibilite fizik nan enstalasyon, pwogram, ak evènman gouvènman;
  • chanjman nan règleman yo ki nesesè pou asire tout moun ki gen andikap kapab patisipe, ak benefisye nan, tout pwogram ak sèvis ki se pwopriyete eta a oswa y ap jere;
  • bay asistans ak sèvis ki nesesè pou asire gen bonjan kominikasyon ak moun ak andikap yo.

Pou mande yon akomodasyon rezonab, tanpri kontakte:

Moun ki Responsab Akomodasyon Rezonab la nan
Reasonable.Accommodations@tax.ny.gov

Imèl sa a pa ka ede ou ak kesyon konsènan taks. Pou jwenn èd ak kesyon konsènan taks, rele nou nan 518- 453-8137.

Updated: